fbpx
Logo
Jun 05, 2024 | Nancy Chen

Men kijan pou w lwe kay bon mache Nouyòk nan pwogram Section 8 la

Fanmi pwogram Section 8 lan seleksyone yo ap peye yon pousantaj nan lajan yo fè, pou peye lwaye, pandan pwogram nan ap peye rès la.

Mizajou ki fèt premye out 2024: Si non w sou lis moun ki kalifye yo, NYCHA ap anonse w sa nan adrès imèl ou oubyen pa lapòs, nan adrès ou mete nan aplikasyon an. Li enpòtan pou w konnen, lis la pa disponib sou sit NYCHA a.

Aplikasyon pou lokasyon kay nan bon pri nan kad pwogram Section 8 Housing Choice Voucher Program nan ouvè soti lendi 3 jen pou rive dimanch 9 jen. Men kijan ou kapab aplike.  

Apre 15 lane,New York City Housing Authority (NYCHA) relouvri lis moun k ap tann nan pwogram Housing Choice Voucher (HCV oubyen Section 8) a. Aplikasyon yo ap posib sèlman pandan premye semèn mwa jen 2024 la. 

HCV a, se yon pwogram ki sibvansyone kay pou fanmi reponn a kritè yo epi ki pa rantre anpil lajan. Imigran ki gen yon estati ki rann yo elijib kapab aplike nan pwogram sa a, k ap ede yo lwe kay prive yo ak yon pri ki ba. Fanmi pwogram nan seleksyone yo ap peye yon pousantaj nan lajan yo fè, pou peye lwaye, pandan pwogram nan ap peye rès la. 

Atik sa a eksplike kijan w kapab benefisye  pwogram nan ak tout detay pou ou fè aplikasyon an. 

Ki moun ki kalifye pou NYCHA Section 8 la?

Pwogram sa a la pou fanmi ki pa fè anpil lajan (low-income families) epi ki ranpli kritè sa yo:

  • Moun k ap dirije fwaye a dwe genyen pou pi piti 18 lane (oubyen li se yon minè leta deklare ki emansipe sètadi yon jèn moun leta rekonèt ki pa sou kont paran l ankò)
  • Omwens, yon moun nan fanmi an dwe se yon sitwayen ameriken, oubyen, yon moun ki pa sitwayen ameriken, men, ki genyen yon estati imigran ki rann li elijib. Moun sa a kapab genyen rezidans, li kapab gen yon estati refijye, oubyen li aplike pou azil. 
  • Fòk lajan fwaye a fè reprezante 50% oubyen mwens pase nivo medyan revni nan rejyon an (area median income (AMI)).

Limit maksimòm lajan fwaye a fè a, defini nan tablo sa a. 

Men kijan yo priyorize moun ki sou lis la: 

  • Moun ki ap viv ak yon andikap ki afekte mobilite yo epi ki ap viv nan lojman ki pa adapte pou yo.
  • Granmoun ki genyen pou pi piti 62 lane.
  • Moun ki andikape
  • Lòt moun ki aplike yo. 

Ou kapab li tou: Kote k ap bay imigran yo manje gratis Nouyòk

Kijan pou w aplike?

Fason ki pi rapid pou w aplike, se sou entènèt. Aplikasyon yo louvri a pati Lendi 3 Jen pou rive Dimanch 9 jen 2024. 

Chans yon moun genyen pou yo mete l sou yon lis ap tann, pa depann de lè li depoze aplikasyon l lan. 

W ap kapab aplike sou entènèt a pati nenpòt aparèy ki genyen koneksyon entènèt. 

Si w ap aplike sou papye, ou ka fè sa apati 3 jen pou rive 7 jiyè soti 8è nan maten pou rive 5è aprè midi, ou kapab rele nimewo 718 218 1525 pou w mande fòmilè aplikasyon an.

Y ap voye fòmilè a pa lapòs pou ou, oubyen, ou kapab ale an pèsòn nan youn nan sant sa yo. 

Brooklyn Customer Contact Center

787 Atlantic Ave., dezyèm etaj., Brooklyn, NY 11238

Bronx Customer Contact Center

478 East Fordham Road, dezyèm etaj., Bronx, NY 10458

Aplikasyon papye yo dwe poste anvan jou ki 28 jen 2024 la. Ou dwe poste l nan yon sèvis postal ki Etazini nan adrès ki sou aplikasyon an. 

Si NYCHA mete w sou yon lis pou w tann, epi yo mande w yon entèvyou pou evalye si w elijib, yo kapab mande w kèk enfòmasyon anplis. 

Si w bezwen plis enfòmasyon oubyen asistans lè w ap aplike a, ou kapab rele NYCHA nan nimewo 718 218 1525. Si w genyen pwoblèm pou w tande byen oubyen pou w pale, ou kapab rele nimewo 212-306-4652 oubyen TTY. 

Pou w benefisye asistans an pèsòn, rele nimewo 917 286 4300 epi chwazi opsyon “randevou” a. 

HPD Client Services

100 Gold St., Room 1-0, New York, NY 10038

Lendi pou rive Vendredi, 8 a.m. rive 4 p.m.

Ki dokiman w ap bezwen?

Men enfòmasyon NYCHA ap bezwen nan men w:

  • Enfòmasyon sou tout moun ki ap viv nan kay la: non yo, dat nesans yo, nimewo sekirite sosyal yo oubyen konfimasyon nimewo sa a pat janm delivre, nan ki peyi moun yo soti, estati yo si yo genyen yon andikap. 
  • Enfòmasyon sou chèf fwaye a: tout enfòmasyon nou site anlè a, anplis, nimewo kontak moun nan, kantite moun ki nan fanmi a, kantite lajan kay la rantre nan yon ane, si genyen moun ki ansent nan kay la ki pral akouche, kazye jidisyè moun ki nan kay la, istorik degèpisman yo ak dat sa fèt (si sa te fèt), ak rezon y ap aplike a. 
  • Yon nimewo kontak nan ka ijans. 

Ou pa oblije voye dokiman yo lè w fenk ap voye aplikasyon an. 

Ou kapab li tou: Òganizasyon k ap sèvi imigran Ayisyen yo nan Nouyòk

Kijan pwosesis NYCHA Section 8 la fonksyone?

Lè NYCHA sispann resevwa apliksyon, l ap seleksyone 200 000 aplikasyon ki dwe ale nan yon lis pou tann yon desizyon. Lis sa a nòmalman ta dwe soti a pati premye Out 2024. Apre sa, NYCHA ap enfòme moun ki aplike yo, yon fason pou to verifye estati aplikasyon yo sou platfòm sa a

Si yo seleksyone w pou w sou lis la, NYCHA pral verifye kazye jidisyè tout moun ki nan fanmi an, epi, l ap mande pou w bay plis enfòmasyon, pami yo, kantite lajan ou fè. 

Depi w ranpli kritè yo, NYCHA ap voye pou ou yon dokiman pou w chwazi yon lojman. W ap gen pou w siyen dokiman sa a, epi w ap genyen 120 jou ak yon ekstansyon 60 jou pou w chache yon apatman. 

Ou kapab mande plis tan nan yon peryòd 30 jou anvan dokiman aplikasyon an ekspire. NYCHA ap revize demann sa yo ka pa ka. 

Ou kapab monte sou platfòm nan pou w konsilte lis espesyal section 8 yo. Pou w jwenn lòt opsyon lojman ou kapab ale sou sit Affordablehousing.com la. Kay prive, apatman ki nan bilding yo ak kondominyòm yo pami opsyon ki disponib yo. 

Si NYCHA ta di w pa elijib pandan pwosesis la, ou kapab fè yon apèl sou desizyon an sou fòm ekri. Men, ou pap kapab fè apèl si NYCHA refize w nan premye faz aplikasyon an, jan Epicenter NYC rapòte sa. 

Konbyen kòb m ap peye lwaye si m seleksyone?

Jeneralman, moun ki nan pwogram sa a dwe kontribiye 30 pousan nan lajan yo rantre chak mwa. 

NYCHA pap janm apwouve yon lwaye ki mande w pou w peye plis pase 40 pousan lajan fanmi an fè.  

Mwen se yon imigran, kisa mwen dwe konnen espesyalman?

Imigran yo kapab aplike pou Section 8 la, si omwen youn nan manm fanmi an se yon sitwayen ameriken oubyen li genyen yon estati imigran ki pèmèt li elijib. 

Nan mwa septanm 2022, Depatman Enteryè Etazini (Homeland Security) pibliye règleman sou fason pou verifye moun ki reprezante yon chaj pou Leta a. Desizyon sa ka gen konsekans sou fason Leta dwe bay yon moun Green Card oubyen pwolonje viza l. Yo ka verifye si moun nan pa yon chaj pou sistèm nan. 

Section 8 pa fè pati tès sa a, daprè sa Community Service Society rapòte. 

Ou kapab vizite Epicenter NCY ak sit 311 lan pou plis detay.

Nou envite w gade videyo sa a, pou w konnen tout resous Documented genyen pou ou.

Si w bezwen enfòmasyon sou resous ki disponib Nouyòk pou imigran yo, ou kapab voye yon imèl bay Ralph Thomassaint Joseph nan adrès ralph.thomassaint@documentedny.com

Dactilar Iso Logo Documented
SOCIAL MEDIA
Share Button Facebook Share Button Linkedin Share Button X Share Button WhatsApp Share Button Instagram
CONTACT
Powered by Rainmakers
Rainmakers Bolt